Trajedi nan Milo: Prezidan Privert reyaji

Société

Dram ki pase nan Sitadèl Laferyè a boulvèse lespri m anpil. Plizyè nan konpatriyòt nou yo pèdi lavi yo akoz yon neglijans kolektif ki pa ta dwe janm rive.

Sitiyasyon sa a vin ranfòse konviksyon m, ansanm ak angajman m, pou nou travay pou transfòme peyi nou. Li enpòtan pou chak sitwayen konnen dwa ak devwa yo, epi pou chak otorite asime responsabilite li, depi nan nivo kolektivite yo rive jouk nan pi wo ran nan Leta a.

Se sèlman konsa n ap kapab bati yon sosyete ki pi responsab, ki respekte lavi moun, epi ki bay espwa pou demen.


Mwen pwofite voye senpati ak solidarite m bay fanmi, zanmi moun ki viktim yo epi bay tout popilasyon Nò a an jeneral.